Jan 11:17-35

Jan 11:17-35 HAT98

Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gentan antere depi kat jou. Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis. Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, l'al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: — Mèt, si ou te la, frè m lan pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm kounyeya, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: — Frè ou la va leve vivan ankò. Mat reponn li: — Wi, mwen konn sa. Li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn: — Wi, Senyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini nan lemonn lan. Lè Mat fin di sa, l'al rele Mari, sè l la, li di l nan zòrèy: — Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li. Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi. (Jezi pat ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l la.) Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l, lè yo wè l leve sòti, yo swiv li. Yo te konprann li ta pral kriye bò kavo a. Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l, li lage kò l atè nan pye l, li di l konsa: — Senyè, si ou te la, frè m lan pa ta mouri. Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif ki te vin avè l yo, sa te fè l mal anpil, kè l t'ap fann. Li mande yo: — Ki bò nou antere li? Yo reponn li: — Senyè, vin wè non. Dlo kouri nan je Jezi.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 11:17-35

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an