Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gentan antere depi kat jou. Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis. Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, l'al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: — Mèt, si ou te la, frè m lan pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm kounyeya, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: — Frè ou la va leve vivan ankò. Mat reponn li: — Wi, mwen konn sa. Li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn: — Wi, Senyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini nan lemonn lan.
Li Jan 11
Koute Jan 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 11:17-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo