Jan 11:1-44

Jan 11:1-44 HAT98

Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l la. (Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Senyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.) De sè yo voye yon moun bò kote Jezi pou di li: — Senyè, zanmi ou lan malad. Lè Jezi tande nouvèl la, li di: — Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a. Jezi te renmen Mat, Mari, sè l la, ansanm ak Laza. Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l te ye a. Apre sa, li di disip li yo: — Ann tounen nan Jide. Disip li yo reponn li: — Mèt, sa pa gen lontan sa non, jwif yo t'ap chache kalonnen ou wòch, epi koulyeya ou vle tounen laba a ankò? Jezi di yo: — Gen douzèdtan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite paske li wè kote l'ap mete pye li. Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap frape pye li paske li pa gen limyè nan li. Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: — Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li. Disip yo reponn li: — Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri. Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè. Lè sa a, Jezi di yo klè: — Laza mouri. Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pat la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li. Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: — Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n ka mouri ansanm avè li. Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gentan antere depi kat jou. Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis. Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, l'al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: — Mèt, si ou te la, frè m lan pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm kounyeya, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: — Frè ou la va leve vivan ankò. Mat reponn li: — Wi, mwen konn sa. Li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn: — Wi, Senyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini nan lemonn lan. Lè Mat fin di sa, l'al rele Mari, sè l la, li di l nan zòrèy: — Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li. Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi. (Jezi pat ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l la.) Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l, lè yo wè l leve sòti, yo swiv li. Yo te konprann li ta pral kriye bò kavo a. Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l, li lage kò l atè nan pye l, li di l konsa: — Senyè, si ou te la, frè m lan pa ta mouri. Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif ki te vin avè l yo, sa te fè l mal anpil, kè l t'ap fann. Li mande yo: — Ki bò nou antere li? Yo reponn li: — Senyè, vin wè non. Dlo kouri nan je Jezi. Lè sa a, jwif yo di: — Gade jan li te renmen l non! Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: — Li menm ki louvri je avèg yo, li pat kapab anpeche Laza mouri? Sa te fè Jezi pi mal ankò. L'al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li. Jezi di yo: — Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l konsa: — Senyè, li dwe konmanse santi deja, sa fè kat jou depi l nan kavo a. Jezi reponn li: — Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, w'a wè pouvwa Bondye? Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l anlè nan syèl la, li di: — Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m, men se poutèt moun sa yo ki bò kote m lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. Lè l fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: — Laza, sòti deyò! Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: — Demare l non, kite l ale.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an