Jan 11

11
Laza mouri
1Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe #Lik 10.38,39 malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l la. 2(Mari #Jan 12.3 sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Senyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.) 3De sè yo voye yon moun bò kote Jezi pou di li:
— Senyè, zanmi ou lan malad.
4#Jan 9.3 Jezi tande nouvèl la, li di:
— Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.
5Jezi te renmen Mat, Mari, sè l la, ansanm ak Laza. 6Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l te ye a. 7Apre sa, li di disip li yo:
— Ann tounen nan Jide.
8Disip #Jan 8.59; 10.31 li yo reponn li:
— Mèt, sa pa gen lontan sa non, jwif yo t'ap chache kalonnen ou wòch, epi koulyeya ou vle tounen laba a ankò?
9Jezi #Jan 9.4,5; 1 Jan 2.10 di yo:
— Gen douzèdtan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite paske li wè kote l'ap mete pye li. 10Men, #Jan 12.35; 1 Jan 2.11 si yon moun ap mache lannwit, l'ap frape pye li paske li pa gen limyè nan li.
11#Mat 9.24; Lik 8.52 Jezi fin di yo sa, li di ankò:
— Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.
12Disip yo reponn li:
— Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri.
13Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè. 14Lè sa a, Jezi di yo klè:
— Laza mouri. 15Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pat la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li.
16#Mak 10.32; 14.31 sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo:
— Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n ka mouri ansanm avè li.
Jezi se rezireksyon
17Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gentan antere depi kat jou. 18Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis. 19Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a.
20Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, l'al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. 21Mat #Jan 11.3,32 di Jezi konsa:
— Mèt, si ou te la, frè m lan pa ta mouri non. 22Men, mwen konn sa: menm kounyeya, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li.
23Jezi di li:
— Frè ou la va leve vivan ankò.
24Mat #Jan 5.29; 6.40; Lik 14.14 reponn li:
— Wi, mwen konn sa. Li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve.
25Jezi di li:
— Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. 26Moun #Jan 5.24; 8.51 k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
27Mat #Jan 6.69 reponn:
— Wi, Senyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini nan lemonn lan.
Jezi kriye
28Lè Mat fin di sa, l'al rele Mari, sè l la, li di l nan zòrèy:
— Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li.
29Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi. 30(Jezi #Jan 11.20 pat ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l la.) 31Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l, lè yo wè l leve sòti, yo swiv li. Yo te konprann li ta pral kriye bò kavo a.
32#Jan 11.21 Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l, li lage kò l atè nan pye l, li di l konsa:
— Senyè, si ou te la, frè m lan pa ta mouri.
33Jezi #Jan 13.21 wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif ki te vin avè l yo, sa te fè l mal anpil, kè l t'ap fann. 34Li mande yo:
— Ki bò nou antere li?
Yo reponn li:
— Senyè, vin wè non.
35Dlo #Lik 19.41 kouri nan je Jezi. 36Lè sa a, jwif yo di:
— Gade jan li te renmen l non!
37Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di:
— Li menm ki louvri je avèg yo, li pat kapab anpeche Laza mouri?
Laza resisite
38Sa #Mat 27.60 te fè Jezi pi mal ankò. L'al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li. 39Jezi #Jan 20.1 di yo:
— Wete wòch la.
Mat, sè mò a, di l konsa:
— Senyè, li dwe konmanse santi deja, sa fè kat jou depi l nan kavo a.
40Jezi #Jan 11.4,23,25,26 reponn li:
— Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, w'a wè pouvwa Bondye?
41Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l anlè nan syèl la, li di:
— Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. 42Mwen #Jan 12.30 menm, mwen konnen ou toujou tande m, men se poutèt moun sa yo ki bò kote m lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.
43Lè l fin di pawòl sa yo, li rele byen fò:
— Laza, sòti deyò!
44Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo:
— Demare l non, kite l ale.
Y'ap fè konplo sou do Jezi
45Nan #Lik 16.31; Jan 10.42; 12.42 jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li. 46Men, gen ladan yo kal jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè. 47Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande:
— Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak. 48Si nou pa fè l sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an.
49Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo:
— Gen lè nou pa konprann anyen! 50Nou #Jan 18.14 pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove.
51(Kayif #Jen 50.20; Egz 28.30; Nonb 27.21 pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a. 52Epi, #Jan 10.16; 1 Jan 2.2; Mat 12.30 pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)
53Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi. 54Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo.
55Fèt #2 Kwo 30.17; Mak 10.32; Tra 21.24,26 Pak jwif yo te vanse rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm, anvan fèt la, pou yo te ka fè sèvis pou mete moun nan kondisyon sèvi Bondye. 56Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lòt:
— Sa nou di? Ou kwè l'ap vin nan fèt la?
57Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l fè yo konnen pou yo ka arete li.

Chwazi Kounye ya:

Jan 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte