Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m, mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m yo. Yo menm tou yo konnen mwen. Mwen gen lòt mouton toujou ki poko nan pak la. Fòk mwen mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, mouton yo ap fè yon sèl bann, ap gen yon sèl gadò. — Papa a renmen m, paske m'ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò. Pèsonn pa ka wete lavi m'. Se mwen ki bay li, paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m'bay li, mwen gen pouvwa pou m' reprann li. Se sa menm Papa m' te ban m' lòd fè.
Li Jan 10
Koute Jan 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 10:14-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo