Jan 1:19-34

Jan 1:19-34 HAT98

Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l ki moun li ye. Jan pat refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: — Se pa mwen ki Kris la. Yo mande li: — Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: — Non, mwen pa Eli. Yo di li: — Ou se pwofèt la? Li reponn yo: — Non. Lè sa a yo di li: — Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye? Jan reponn: — Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.) Gen nan moun yo te voye bò kote Jan yo ki te sòti lakay farizyen yo. Yo mande li: — Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun? Jan reponn yo: — Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen. L'ap vin apre m, men mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat li. Tout bagay sa yo t'ap pase Betani, lòt bò larivyè Jouden, kote Janbatis t'ap batize moun. Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: — Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m men ki gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Mwen menm, mwen pa te konnen li. Men pou moun Izrayèl yo ka konnen li, se poutèt sa mwen vin fè batèm nan dlo. Jan di yo: — Mwen wè Lespri soti nan syèl la sou fòm yon pijon desann sou li. Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri. Jan di yo ankò: — Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an