Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l ki moun li ye. Jan pat refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: — Se pa mwen ki Kris la. Yo mande li: — Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: — Non, mwen pa Eli. Yo di li: — Ou se pwofèt la? Li reponn yo: — Non. Lè sa a yo di li: — Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye? Jan reponn: — Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.)
Li Jan 1
Koute Jan 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 1:19-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo