Jeremi 41

41
1Nan setyèm mwa a, Ismayèl, pitit Netanya, #2 Wa 25.25; Sòm 41.9 pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Ismayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya, 2Ismayèl #2 Sam 13.28,29 leve ansanm ak dis moun li yo, yo rale nepe yo, yo touye Gedalya, nonm wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a. 3Apre sa, yo touye tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.
4Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pat ankò gaye. 5Se #Det 14.1; 1 Wa 16.24; Eza 15.2 konsa katreven gason ki te sòti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan Tanp Jerizalèm lan. 6Ismayèl kite Mispa, li sòti al kontre yo, de ran dlo nan je l. Lè li rive sou yo li di konsa:
— Vini non, ann al kay Gedalya!
7Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Ismayèl ansanm ak mesye l yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn. 8Men #Jij 6.11 gen dis nan moun sa yo ki te di Ismayèl konsa:
— Pa touye nou paske nou gen pwovizyon kache nan jaden nou yo, ble, lòj, lwil ak siwo myèl.
Se konsa Ismayèl pat touye sa yo ansanm ak lòt yo. 9Sitèn #1 Wa 15.22 kote Ismayèl te jete kadav moun li te touye yo, se gwo sitèn wa Asa te fè fouye lè Basa, wa peyi Izrayèl la, te vin atake l la. Se sitèn sa a Ismayèl te plen ak kadav yo. 10Apre #Jer 38.23; 40.14 sa, Ismayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo.
11Jokanan, pitit Karejak la, ansanm ak lòt chèf lame ki te avè l yo vin konnen tout mechanste Ismayèl, pitit Netanya a, te fè. 12Yo #2 Sam 2.13 pran tout sòlda yo, yo pati dèyè l. Yo jwenn li bò gwo letan Gabawon an. 13Lè moun Ismayèl te fè prizonye yo wè Jokanan avèk chèf lame ki avè l yo, yo te kontan. 14Lè sa a, tout moun Ismayèl te fè prizonye lavil Mispa yo kase tèt tounen, yo kouri vin jwenn Jokanan. 15Ismayèl menm ansanm ak wit nan moun pa l yo kouri pou Jokanan, yo chape kò yo nan peyi Amon an.
16Apre sa, Jokanan ak chèf lame ki te avè l yo pran sou kont yo tout moun Ismayèl te fè prizonye lavil Mispa apre li menm Ismayèl te fin touye Gedalya a. Jokanan pran avè l gason yo, ki vle di sòlda yo, fanm yo, timoun yo, moun konfyans yo, tout moun li te jwenn lavil Gabawon. 17Yo #2 Sam 19.37,38 fè yon ti rete nan lotèl Kimean an, toupre lavil Betleyèm. Yo te fè lide desann peyi Lejip 18paske yo te pè moun Babilòn yo, depi Ismayèl te fin touye Gedalya, moun wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 41: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte