Jeremi 39

39
Jerizalèm tonbe nan men Babilòn
(2 Wa 25.1-10)
1Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne reny Sedesyas, #2 Wa 25.1-12; Jer 52.4-16 wa peyi Jida a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou. 2Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne reny Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.
3 # 39.3: Pifò non moun sa yo ak tit yo pa fin sèten. #2 Wa 18.17; Jer 1.15 sa a, tout gwo chèf wa Babilòn yo antre nan lavil la, yo pran pozisyon nan Pòtay Mitan an: Te gen Negal Sarezè, Samga-Nebo, Sasekim, ki te chèf nèg konfyans wa yo, yon lòt Negal-Sarezè ki te chèf konseye yo ansanm ak tout lòt gwo chèf wa Babilòn yo.
4#Det 1.1 wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo sòti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an. 5Men, #Joz 5.10; Eze 17.15 sòlda lame Babilòn yo rapousib yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l, yo mennen l bay Nebikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas. 6Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je mesye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou. 7Apre #Eze 12.13 sa, li fe yo pete de je Sedesyas. Lèfini, li fè yo mare l ak de chenn kwiv pou yo mennen l Babilòn. 8Moun #Ney 1.3; Eza 5.5 Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm. 9Lèfini, #Jer 37.13; 40.1 Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn. 10Men, #2 Wa 25.12 li kite tout moun ki pòv yo, tout moun ki pa gen anyen yo rete nan peyi Jida a. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo travay.
Yo lage Jeremi
11Men Nebikadneza, wa lavil Babilòn, bay Neboucharadan, chèf lagad la lòd sa a pou Jeremi:
12— Chache #Jer 40.4 kote Jeremi ye. Pran swen li byen. Pa fè l anyen. Okontrè, tout sa la mande, w'a ba li l.
13Se konsa Neboucharadan, chèf lagad la, Nebouchasban, chèf nèg konfyans yo, Negal-Sarezè, chèf konseye yo, ansanm ak tout lòt chèf wa Babilòn yo 14voye #2 Wa 22.3,12; 25.22-25; Jer 38.28; 40.5,6 chache Jeremi nan lakou gad palè yo. Yo renmèt li nan men Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, ki te pou fè l rive lakay li san danje. Se konsa Jeremi te rete nan mitan pèp la.
Pwomès pou Ebèdmelèk
15Antan Jeremi te nan prizon nan lakou gad palè yo, Senyè a te pale avè l pou di l konsa:
16— Al #Jer 21.10; 38.7; Da 9.12 pale ak Ebèdmelèk, moun peyi Letyopi a. W'a di li men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral fè tou sa mwen te di ki gen pou rive a rive vre. Se va pou malè lavil la, se p'ap pou byen li. Lè sa a, w'a la pou wè tout bagay. 17Men jou sa a m'ap sove ou. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Ou p'ap tonbe nan men moun k'ap fè ou pè yo. 18Se #Sòm 25.2; 37.40; Jer 21.9 vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 39: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte