Senyè a di ankò: Yon jou pral vini, mwen pral kenbe pwomès mwen te fè moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo. Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm sòti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri. Lè sa a, moun peyi Jida ak moun Jerizalèm yo va sove. Y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm: ‘Senyè, Jistis Nou’. Senyè a di ankò: Va toujou gen yon wa ki sòti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la. Va toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m nan Tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou. Senyè a pale ak Jeremi ankò, li di l: — Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non. Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fòtèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m yo. Kontra sa yo p'ap janm kase. Mwen pral fè fanmi David, sèvitè m lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè.
Li Jeremi 33
Koute Jeremi 33
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jeremi 33:14-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo