Jeremi 32:33-41

Jeremi 32:33-41 HAT98

Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pat janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pat vle koute m, yo pa vle aprann. Yo mete vye zidòl yo nan Tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè Tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m ankò. Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benn-inon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pat janm ba yo lòd fè, bagay ki pat janm vin nan lide m. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche. Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale ak Jeremi, li di l konsa: — Kounyeya mwen ta renmen di yon lòt bagay sou lavil Jerizalèm. Ou te di ansanm ak lòt yo: Lagè, grangou ak move maladi ap fini ak lavil la, l'ap tonbe nan men wa Babilòn lan. Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote. Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò. Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo. M'ap pase yon kontra ak yo ki p'ap janm kase. M'ap pran angajman mwen p'ap janm lage yo. Mwen p'ap janm sispann fè yo byen. Wi, m'a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p'ap janm vire do ban mwen ankò. M'a pran plezi pou m fè yo byen. M'a travay ak tout kè m ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an