Jeremi 27

27
Jeremi mete yon jouk bèf sou zepòl li
1Sedesyas, #27.1: a) Sedesyas: Dapre tèks ebre a se Jojakim pou nou ta mete la. pitit Jozyas la, te gen katran depi li fenk moute wa #27.1: b) fenk moute wa: Se sa nou jwenn nan tèks ebre a. Men dapre vèsyon grèk la ak dapre sa nou jwenn nan chapit 28 vèsè premye se pou n ta di: gen katran depi li te moute. nan peyi Jida, lè Senyè a pale ak Jeremi ankò. 2Senyè a #Lev 26.13; 1 Wa 22.11; Jer 28.10 di l konsa:
— Pran kòd ak bwa yo sèvi pou fè jouk bèf. Mete yo sou zepòl ou. 3Lèfini, #2 Wa 24.17; Jer 25.21,22 w'a voye yo bay wa peyi Edon, wa peyi Mowab, wa peyi Amon, wa peyi Tir ak wa peyi Sidon. W'a renmèt yo nan men delege wa sa yo ki te vin wè wa Sedesyas lavil Jerizalèm. 4W'a ba yo chak yon misyon pou mèt yo. W'a di yo men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ba yo pou mèt yo:
5— Se #Sòm 115.15,16; Eza 45.12; Jer 21.5; Da 4.17 mwen menm avèk gwo kouray mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle. 6Se #Jer 25.9; 28.14; Eze 30.25 konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nebikadneza, wa Babilòn, sèvitè m lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l. 7Tout #Jer 25.12,14; 52.31; Da 2.37,38; 5.1,30 nasyon yo va sèvi l. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l yo, lòt wa ki pi gran pase l yo va fè peyi pa l la sèvi yo tou.
8Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nebikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l, m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l jouk m'a fè Nebikadneza fini nèt ak li.
9Pa #Det 18.10; Eza 2.6; Jer 14.14; 29.8 koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni okenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. 10Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depòte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyò. Lèfini, nou tout pral mouri. 11Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l, m'a kite l nan peyi l, l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
12Mwen #Jer 38.17 pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l menm bagay la tou:
— Ou menm ansanm ak pèp la, se pou nou bese tèt devan otorite wa Babilòn lan. Se pou nou sèvi ni li ni pèp li a, konsa n'a viv. 13Pa #Eze 18.31 gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Senyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan. 14Gen yon bann pwofèt k'ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Pa koute yo. Se manti y'ap bay. 15Se Senyè a menm ki di se pa li menm ki voye yo. Yo pran non l pou ban nou manti. Si nou koute yo, m'ap mete nou deyò, m'ap fè nou mouri, ni nou ni pwofèt k'ap ban nou manti yo.
16Apre #2 Wa 24.13 sa, mwen pale ak prèt yo ansanm ak pèp la, mwen di yo:
— Men mesay Senyè a bay. Pa koute pwofèt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen sòti lavil Babilòn tout bagay yo te pran nan Tanp lan. Se manti y'ap bay. 17Pa #Jer 7.34 koute yo. Soumèt devan wa Babilòn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fè lavil Jerizalèm lan tounen mazi. 18Si #Eza 59.16; Da 1.2 yo se pwofèt tout bon, si yo resevwa yon mesay nan men Senyè a tout bon vre, enben, se pou y'al mande Senyè ki gen tout pouvwa a pou li pa kite yo pran rès bon bagay ki nan Tanp lan, ak rès bon bagay ki lakay wa peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm lan pou pote yo ale lavil Babilòn.
19Senyè a #2 Wa 25.13 t'ap pale sou gwo poto kwiv yo, sou gwo basin lan ansanm ak pye l yo, sou tout lòt richès ki te nan lavil la toujou. 20Se #2 Wa 24.14,15; Jer 24.1-10 bagay sa yo Nebikadneza, wa Babilòn lan, te kite lavil Jerizalèm lè li t'ap depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, lavil Babilòn, ansanm ak grannèg peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo.
21Wi, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, te di sou rès bon bagay ki te nan kay Senyè a, nan kay wa Jida a ak nan lavil Jerizalèm: 22Y'ap #Esd 1.7,8; Jer 29.10; 52.17,20,21 pote yo ale lavil Babilòn. Y'ap rete la jouk lè m'a vin pran yo pou m fè yo tounen nan plas yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 27: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte