Jij 7:9-22

Jij 7:9-22 HAT98

Jou lannwit sa a, Senyè a di Jedeyon konsa: — Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou. Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a. W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouray epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an. Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pat ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè. Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l yon rèv li te fè. Li t'ap di l konsa: — Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l'al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè. Zanmi an reponn li: — Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l. Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: — Ann ale! Senyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou. Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la. Epi li di yo: — Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m fè, n'a fè l tou. N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Senyè a ak pou Jedeyon! Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo. Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: — Ann al goumen pou Senyè a ak pou Jedeyon! Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò. Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Senyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl-Meola, toupre Tabat.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an