Jij 6:1-24

Jij 6:1-24 HAT98

Pèp Izrayèl la lage kò l ankò nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Senyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan setan. Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo. Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo. Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik. Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l. Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Senyè a, yo mande l sekou. Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Senyè a pou moun peyi Madyan yo, Senyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: — Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete. Mwen te di nou se mwen menm Senyè a ki Bondye nou an. Kounyeya nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n'al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pat koute m lè m te pale nou. Lè sa a, zanj Senyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre bouk Ofra, ki te pou Jowas, moun fanmi Ebyezè yo. Jedeyon, pitit gason li a, t'ap bat ble ankachèt kote yo konn kraze rezen an, pou moun madyan yo pa te vin pran li nan men li. Zanj Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Bonjou, vanyan sòlda! Senyè a avè ou! Jedeyon reponn li: — Adye, mesye! Si Senyè a avè nou vre, manyè di m poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Senyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip? Men kounyeya, Senyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou. Lè sa a, Senyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l: — Ale non. Avèk fòs kouray ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou! Jedeyon reponn li! — Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m, se mwen menm ki pi piti lakay papa m. Senyè a di l: — Ou ka fè l, paske m'ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye. Jedeyon reponn: — Si reyèlman vre ou vle fè m favè sa a, ban m yon prèv se ou menm tout bon k'ap pale avè m la a. Tanpri, pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou. Li reponn: — M'ap rete la tann ou. Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Senyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li. Zanj lan di l: — Mete vyann lan ak pen yo sou gwo wòch ou wè la a, epi vide sòs la sou yo. Jedeyon fè sa vre. Zanj Senyè a leve baton ki te nan men l lan, li lonje l, li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife sòti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Senyè a disparèt devan li. Lè Jèdeyon wè se zanj Senyè a menm ki te parèt devan l, li di: — Bondye Senyè o! Gade malè ki rive m non! Mwen wè zanj Senyè a fas pou fas! Men, Senyè a di l konsa: — Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa. Jedeyon bati yon lotèl pou Senyè a lamenm. Epi li rele li: (Yave Chalòm) Senyè a se lapè. Jouk jodi a, lotèl la nan bouk Ofra, sou pwopyete moun Abyezè yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an