Jij 6:1-12

Jij 6:1-12 HAT98

Pèp Izrayèl la lage kò l ankò nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Senyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan setan. Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo. Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo. Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik. Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l. Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Senyè a, yo mande l sekou. Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Senyè a pou moun peyi Madyan yo, Senyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: — Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete. Mwen te di nou se mwen menm Senyè a ki Bondye nou an. Kounyeya nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n'al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pat koute m lè m te pale nou. Lè sa a, zanj Senyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre bouk Ofra, ki te pou Jowas, moun fanmi Ebyezè yo. Jedeyon, pitit gason li a, t'ap bat ble ankachèt kote yo konn kraze rezen an, pou moun madyan yo pa te vin pran li nan men li. Zanj Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Bonjou, vanyan sòlda! Senyè a avè ou!