Senyè a te kite kèk nasyon nan peyi a pou l te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki pat kò fèt lè yo t'ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an. Li te fè sa konsa pou l te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pat janm al nan lagè anvan sa. Men moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas-Amat. Se ak moun sa yo Senyè a t'ap sonde pèp la pou l te ka konnen si yo te sòti pou koute lòd Senyè a te bay Moyiz pou zansèt yo a. Se konsa pèp Izrayèl la twouve l rete ap viv nan mitan moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.
Li Jij 3
Koute Jij 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jij 3:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo