Jij 2:6-23

Jij 2:6-23 HAT98

Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a. Pèp Izrayèl la te sèvi Senyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l pandan tout tan chèf ki te konnen sa Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou. Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Senyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an). Yo antere l sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach. Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Senyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la. Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Y'al sèvi Baal yo. Yo vire do bay Senyè a, Bondye zansèt yo a, Bondye ki te fè yo soti kite Lejip la. Yo tonbe mache dèyè lòt bondye ki pa te fè pati bann bondye pèp ki te la toupatou bò kote yo a. Y'al adore yo. Sa te fè Senyè a ankòlè sou yo. Yo vire do bay Senyè a, y'al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo. Senyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pat ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò. Chak fwa y'al nan lagè, Senyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè! Se lè sa a Senyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo. Men, menm chèf sa yo, yo pat koute yo. Yo vire do bay Senyè a, y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Senyè a. Yo pat koute lòd Senyè a. Chak fwa Senyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Senyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo. Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo. Senyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: — Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m. Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò. Se konsa m'a wè kote m ye ak pèp Izrayèl la. M'a konnen si wi ou non yo sòti pou fè sa m mande yo fè a jan zansèt yo te fè l la. Se konsa Senyè a te kite lòt nasyon li pat lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyò.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an