Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Senyè a. Senyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan. Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madam li pat janm ka fè pitit. Zanj Senyè a parèt devan madanm lan, li di l konsa: — Ou pat janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni okenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l, se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.
Li Jij 13
Koute Jij 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jij 13:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo