Yo pote nouvèl bay wa peyi Jida a ansanm ak tout fanmi li. Yo di li: — Lame peyi Siri a gentan anvayi peyi Efrayim. Wa Akaz ansanm ak tout pèp la te sitèlman pè, yo t'ap tranble kou fèy bwa. Senyè a di Ezayi konsa: — Pran Chiyachoub, pitit gason ou lan, avèk ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil. Ou va di li fè atansyon pou li pa pèdi tèt li. Li pa bezwen pè. Li pa bezwen fè kè li kase pou de ti bout bwa k'ap bay lafimen. Li pa bezwen pè wa Resin, moun peyi Siri, ak wa Pekaz, pitit Remalya, k'ap fè kòlè. Moun peyi Siri yo ansanm ak moun Efrayim yo ak pitit Remalya a ap fè konplo sou do ou. Yo di y'ap moute atake peyi Jida a. Yo pral kraponnen moun yo, yo pral fè kèk moun nan peyi a pran pozisyon pou yo pou yo ka mete men sou peyi a. Apre sa, yo pral pran pitit gason Tableyèl la, y'ap nonmen l wa pou gouvènen peyi a. Enben! Men sa mwen menm, Senyè ki sèl mèt la, mwen di: Sa p'ap mache! Sa p'ap pase konsa!
Li Ezayi 7
Koute Ezayi 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 7:2-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo