Senyè a voye yon lòt komisyon bay wa Akaz. Li di l konsa: — Mande Senyè a, Bondye ou la, pou li ba ou yon siy. Se ka yon siy ki sòti anba tè kote mò yo ye a, se ka yon siy ki sòti anwo nan syèl la. Akaz reponn: — Mwen p'ap mande Senyè a anyen. Mwen p'ap sonde l. Lè sa a, Ezayi di konsa: — Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou kounyeya nou sòti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou? Enben, se Senyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men jenn fi a ansent. Li pral fè yon pitit gason. Y'a rele li Emanyèl Non sa a vle di: “Bondye avèk nou”. Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l konnen sa ki mal ak sa ki byen. Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.
Li Ezayi 7
Koute Ezayi 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 7:10-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo