Ezayi 7:1-25

Ezayi 7:1-25 HAT98

Lè sa a, se wa Akaz, pitit gason Jotam, pitit pitit gason Ozyas, ki t'ap gouvènen nan peyi Jida. Rezin, wa peyi Siri, ak Pekak, pitit Remalya, wa peyi Izrayèl, moute al atake lavil Jerizalèm. Men, yo pat ka pran l. Yo pote nouvèl bay wa peyi Jida a ansanm ak tout fanmi li. Yo di li: — Lame peyi Siri a gentan anvayi peyi Efrayim. Wa Akaz ansanm ak tout pèp la te sitèlman pè, yo t'ap tranble kou fèy bwa. Senyè a di Ezayi konsa: — Pran Chiyachoub, pitit gason ou lan, avèk ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil. Ou va di li fè atansyon pou li pa pèdi tèt li. Li pa bezwen pè. Li pa bezwen fè kè li kase pou de ti bout bwa k'ap bay lafimen. Li pa bezwen pè wa Resin, moun peyi Siri, ak wa Pekaz, pitit Remalya, k'ap fè kòlè. Moun peyi Siri yo ansanm ak moun Efrayim yo ak pitit Remalya a ap fè konplo sou do ou. Yo di y'ap moute atake peyi Jida a. Yo pral kraponnen moun yo, yo pral fè kèk moun nan peyi a pran pozisyon pou yo pou yo ka mete men sou peyi a. Apre sa, yo pral pran pitit gason Tableyèl la, y'ap nonmen l wa pou gouvènen peyi a. Enben! Men sa mwen menm, Senyè ki sèl mèt la, mwen di: Sa p'ap mache! Sa p'ap pase konsa! Poukisa? Lavil Damas se kapital peyi Siri. Rezin se wa lavil Damas. Pou pèp peyi Izrayèl la menm, m pa ba l swasannsenkan ankò, peyi yo a ap fin kraze, yo p'ap yon nasyon ankò. Lavil Samari se kapital peyi Izrayèl la. Pekak, pitit gason Remalya a, se wa lavil Samari. Si nou pa kenbe konfyans nou fèm nan Bondye, nou menm tou nou p'ap chape. Senyè a voye yon lòt komisyon bay wa Akaz. Li di l konsa: — Mande Senyè a, Bondye ou la, pou li ba ou yon siy. Se ka yon siy ki sòti anba tè kote mò yo ye a, se ka yon siy ki sòti anwo nan syèl la. Akaz reponn: — Mwen p'ap mande Senyè a anyen. Mwen p'ap sonde l. Lè sa a, Ezayi di konsa: — Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou kounyeya nou sòti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou? Enben, se Senyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men jenn fi a ansent. Li pral fè yon pitit gason. Y'a rele li Emanyèl Non sa a vle di: “Bondye avèk nou”. Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l konnen sa ki mal ak sa ki byen. Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo. Senyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou. Lè sa a, Senyè a pral soufle pou moun peyi Lejip yo soti tankou mouch byen lwen, bò larivyè Nil lan. L'ap rele moun peyi Lasiri yo soti lakay yo tankou lesenmyèl. Yo pral vin plen falèz yo ak tout twou wòch yo. Yo pral toupatou nan tout raje, nan tout patiray. Jou sa a, Senyè a ap fè wa peyi Lasiri a sòti lòt bò larivyè Lefrat. Li va tankou yon razwa. L'ap vini, l'ap koupe tout bab ou, tout cheve nan tèt ou ak tout plim sou kò ou. Jou sa a, chak moun va gen yon gazèl bèf ak de mouton pou yo chak. Lè sa a, bèt yo va bay lèt ankantite, tout moun va bwè kont lèt yo. Wi, moun ki va chape anba lanmò nan peyi a va bwè lèt ak siwomyèl ase. Jou sa a, kote ki gen mil pye rezen epi ki te vo mil pyès lajan va plen pikan ak raje. Si yon moun pa gen zam nan men l, li p'ap ka pase la. Wi, pikan ak raje pral kouvri tout peyi a. Nan tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pèsonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.