Men sa Senyè a di: Lè yon moun ki chatre mete jou repo a apa pou mwen, lè li chwazi pou l fè volonte mwen, lè li kenbe kontra mwen an fèm, m'ap fè yo chonje l nan Tanp mwen an ak nan mitan pèp mwen an pi lontan pase si li te gen pitit gason ak pitit fi. M'ap fè yo pa janm bliye l. Moun lòt nasyon ki vin atache ak Senyè a pou sèvi li, pou renmen li, nasyon ki mete jou repo a apa, ki kenbe kontra mwen an fèm, m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m.
Li Ezayi 56
Koute Ezayi 56
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 56:4-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo