Ezayi 51:1-8

Ezayi 51:1-8 HAT98

Men sa Senyè a di: — Nou tout ki dèyè delivrans lan, nou tout k'ap chache Senyè a, chonje rasin kote nou soti, chonje ki pyebwa nou ye! Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m te rele Abraram, li pat gen pitit. Mwen beni l, mwen ba li anpil pitit. Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze li yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m'ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m mèsi. Nou menm pèp mwen, koute sa m'ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m'ap anseye prensip ki dwat, y'a sèvi gid pou nasyon yo. Mwen p'ap mize vin sove nou. Talè konsa m'ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y'ap tann mwen vin delivre yo. Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa. Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm k'ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou. Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou mwen delivre yo ankò.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an