Senyè a di: — Nou menm moun soudè yo, koute! Nou menm moun avèg yo, gade byen! Ki moun ki pi avèg, ki moun ki pi soudè pase sèvite m lan, moun mwen delivre a? Ki moun ki pi soudè, ki moun ki pi avèg pase mesaje m'ap voye a, sèvitè Bondye a? Nou menm moun Izrayèl, nou te wè anpil bagay. Men, sa pat di nou anyen! Nou gen zòrèy pou nou tande, men nou pat tande anyen. Senyè a se yon Bondye ki sòti pou sove pèp Izrayèl la. Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo, pou yo tout fè lwanj li. Men kounyeya, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pèsonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pèsonn pa di: Renmèt yo zafè yo! Ki moun nan nou k'ap pare zòrèy li pou l tande sa m'ap di la a? Ki moun nan nou k'ap fè atansyon pou l toujou koute depi kounyeya? Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Senyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pat vle viv jan l te mande nou viv la. Nou pat vle swiv lòd li. Se konsa, li fè pèp la santi jan l te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pat vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pat pran sa pou anyen!
Li Ezayi 42
Koute Ezayi 42
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 42:18-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo