Senyè a di: — Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m plezi anpil la! Mwen mete lespri m sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis. Li pa nan rele, li pa nan pale fò. Li pa nan mache fè diskou nan tout lari. Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt. Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouray, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo. Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa: Se mwen menm, Senyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m bay tout nasyon yo limyè. W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo sòti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a. Se mwen menm ki Senyè a, se non mwen sa. Mwen p'ap bay fodye pouvwa mwen. Mwen p'ap kite yo bay zidòl lwanj ki pou mwen an.
Li Ezayi 42
Koute Ezayi 42
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 42:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo