Ezayi 41:2-10

Ezayi 41:2-10 HAT98

Kilès ki te fè chèf la sòti bò solèy leve, ki te fè l genyen nan tout batay kote l pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l, ki soumèt tout wa yo devan l? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye. L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pè anyen. Pye l pa menm touche tè. Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan koumansman ap rele lèzòm, pitit an pitit, pou yo fè travay li sou latè? Se mwen menm, Senyè a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout. Moun zile yo wè sa, yo pè. Moun nan dènye bout latè pran tranble, yo pwoche, yo vini. Yonn ap ede lòt. Yonn ap di lòt: Pran kouray! Bòs atizan k'ap fè estati a ap ankouraje òfèv la. Moun k'ap fin bay estati a fòm ak ti kout mato l yo ap ankouraje bòs fòjon an. Yon lòt di: Soudi a bon! Yo kloure zidòl la nan plas li pou li pa tonbe. Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an! Mwen pran nou nan dènye bout latè, mwen rele nou sòti byen lwen. Mwen di nou: Se sèvitè m nou ye! Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete. Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.