Ezayi 40:21-31

Ezayi 40:21-31 HAT98

Se konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pat janm di nou sa? Pèsonn pat fè nou konn sa depi lontan? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè? Moun ki fè l la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou fwomi yo ye devan l. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete. Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen. Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Senyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay. Ki moun nou ka di ki tankou m? Ki moun ki pou ta sanble avè m? Se Bondye apa a ki di sa. Leve je nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout sa nou wè yo? Tankou yon gwo lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs. Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n'ap plenyen konsa? Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n'ap plede di: Senyè a pa konn sa n'ap pase! Bondye nou an p'ap fè anyen pou defann kòz nou! Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Senyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pèsonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li. Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò! Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.