Ezayi 37:14-35

Ezayi 37:14-35 HAT98

Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l. Apre sa, li pati al nan Tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Senyè a. Epi li vire bò Senyè a, li lapriyè, li di l: — Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fòtèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a. Panche zòrèy ou, Senyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute tou sa Senakerib voye di pou manke Bondye vivan an dega. Nou konnen, Senyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo. Yo te boule tout bondye yo paske se pat bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo. Kounyeya, Senyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Senyè, ki Bondye. Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesay sa a bay Ezekyas. — Ou te lapriyè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou. Men pawòl Senyè a di sou li: Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou. Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m yo, mwen moute sou tèt tout mòn ata sou mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo, mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden. Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye. Ou pat konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Kounyeya, mwen kite sa rive, pou ou te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli. Moun ki te rete la yo te san fòs. Yo te pè, yo pat konn sa pou yo fè. Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon, tankou raje k'ap pouse sou do kay, tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi. Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou sòti, mwen konnen lè ou antre. Mwen konnen lè ou fin anraje sou mwen. Kounyeya, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chemen ou te pran pou vini an pou ou tounen. Apre sa, Ezayi di wa Ezekyas konsa: — Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vini apre sa a, n'a manje grenn nou pat plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen. Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye ankò. Y'a kanpe ankò. Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti pou fè sa, paske li renmen ou anpil. Men sa Senyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l nan lavil sa a. Li p'ap gentan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l. Chemen li te pran pou l vini an, se li menm l'ap pran pou l tounen. Li p'ap mete pye l nan lavil sa a. Se mwen menm, Senyè a menm, ki di sa. M'ap pwoteje lavil sa a, m'ap delivre l pou m fè respè tèt mwen, pou m kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m lan.