Menm jan yon boujon pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la. Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li. L'a pran plezi l pou l obeyi Senyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l pou l rann jijman. L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
Li Ezayi 11
Koute Ezayi 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 11:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo