Ezayi 11:1-16

Ezayi 11:1-16 HAT98

Menm jan yon boujon pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la. Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li. L'a pran plezi l pou l obeyi Senyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l pou l rann jijman. L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo. L'a gouvènen pèp la san patipri, l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt! Lyon ak mouton va viv ansanm, Chen mawon ak ti kabrit va dòmi menm kote. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini se yon timoun ki pral okipe yo. Manman bèf ak manman lous va manje ansanm nan menm savann. Ti bèf ak ti lous va jwe ansanm. Lyon va manje zèb tankou bèf. Timoun nan tete ap ka jwe sou bouch twou koulèv. Timoun sevre ap ka jwe foure dwèt nan bouch koulèv, anyen p'ap rive yo. Pèsonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an. Paske, menm jan fon lanmè plen ak dlo, se konsa kè tout moun nan peyi a pral plen ak konesans Bondye. Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va sòti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va sòti toupatou pou yo vin bò kote l. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l rete a. Jou sa a, Senyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letyopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo. Senyè a ap bay yon siy, li pral moute yon drapo pou fè moun lòt nasyon yo wè li pral rasanble tout moun pèp Izrayèl li te depòte yo. L'ap ranmase tout moun pèp Jida ki gaye toupatou sou latè yo. L'ap mennen yo tounen nan peyi yo. Moun peyi Efrayim yo p'ap fè jalouzi ankò. Peyi Jida a p'ap kenbe moun nan kè ankò. Moun peyi Efrayim yo p'ap anvye sò moun Jida yo. Moun Jida yo p'ap lènmi ankò ak moun Izrayèl yo. Y'ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bò solèy kouche, yo pral piye moun k'ap viv bò solèy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Mowab. Moun peyi Amon pral soumèt devan yo. Senyè a pral voye yon van cho ki pral cheche tout dlo gwo larivyè Lejip la. Li pral cheche dlo larivyè Lefrat la. L'ap separe li fè sèt kannal. Konsa tout moun ka janbe li san dechose yo. Konsa va genyen yon chemen soti peyi Lasiri pou rès pèp li a ki laba a. Se va menm jan li te fè li pou pèp Izrayèl la li te fè soti kite peyi Lejip la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an