Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pat kapab sèvi anyen ankò. Lalwa Moyiz la pat kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, kounyeya, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kote Bondye. Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l pat fè sèman. Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t'ap mete l prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L'ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan. Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a. Gen yon lòt diferans ankò: Te gen anpil prèt nan lòt kategori a, paske se tout tan yo t'ap mouri. Yon sèl pat ka kenbe travay la nèt ale. Men, Jezi li menm toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l nan plas li. Se poutèt sa, depi kounyeya, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.
Li Ebre 7
Koute Ebre 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 7:18-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo