Nou mèt wè m ap pale konsa, frè m yo, mwen gen anpil konfyans nan nou toujou. Mwen konnen nou nan chemen ki pou delivre nou an. Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou. Men, mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n'ap tann lan ka rive vre. Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la.
Li Ebre 6
Koute Ebre 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 6:9-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo