Ebre 6

6
1Se sa k fè, ann grandi toujou pou n #Eb 9.14 ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekonmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n mete l nan Bondye. 2Non, nou pa pral pale nou ankò sou batèm yo, sou sèvis pou mete men sou tèt moun ki kwè yo, sou kèsyon lè moun mouri yo va leve, sou jijman ki p'ap janm kase a. 3Ann pouse pi devan! Se sa nou pral fè kounyeya, si Bondye penmèt nou sa.
4Moun #Eb 10.26,27; Mat 12.31; 1 Jan 5.16 ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a. 5Yo #1 Pyè 2.3 te goute pawòl Bondye a, yo te wè l te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an. 6Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l wont devan tout moun ankò.
7#Jen 1.11,12 yon tè bwè dlo lapli ki tonbe anpil sou li, si li pouse plant ki ka sèvi moun k'ap travay li a, Bondye ap beni li. 8Men, #Jen 3.17,18 si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l madichon. Lè sa a, yo ka boule li.
9Nou mèt wè m ap pale konsa, frè m yo, mwen gen anpil konfyans nan nou toujou. Mwen konnen nou nan chemen ki pou delivre nou an. 10Paske, #Eb 10.32-34 Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou. 11Men, #Eb 3.14; Fil 1.6 mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n'ap tann lan ka rive vre. 12Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la.
Pwomès Bondye a kenbe fèm toujou
13#Jen 22.16,17 Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li. 14Li te di: Mwen pwomèt ou pou m beni ou, pou m ba ou anpil anpil pitit pitit. 15Abraram te rete tann ak pasyans. Se konsa li resevwa sa Bondye te pwomèt li a. 16#Egz 22.10 moun ap fè sèman, yo sèmante sou tèt sa ki pi chè pou yo a. Sèman an sèvi garanti pou met pwenfinal ak tout diskisyon. 17Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sa k fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la. 18Konsa, #Nonb 23.19; 1 Sam 15.29 vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l, sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an. 19Espwa #Lev 16.2,12 sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la. 20Se #Eb 5.6 la Jezikri te antre anpremye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki tounen granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.

Chwazi Kounye ya:

Ebre 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an