Bondye pat bay zanj li yo pouvwa sou anyen nan tan n'ap pale a, tan ki gen pou vini an. Okontrè, jan yo ekri sa yon kote nan Liv la: Bondye o, kisa moun ye pou w'ap chonje yo konsa? Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w'ap pran ka yo konsa? Ou fè yo yon ti jan pi ba pase zanj yo pou yon ti tan. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo tout lwanj ak tout respè. Ou mete tout bagay anba pye yo. Liv la di Bondye mete tout bagay anba pye lèzòm. Sa vle di pa gen anyen ki pa souzòd yo. Men, atout sa, nou wè koulyeya, lèzòm poko gen pouvwa sou tout bagay nèt. Okontrè, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l pi ba pase zanj yo, pou l te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t'ap fè yo. Kounyeya, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa.
Li Ebre 2
Koute Ebre 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 2:5-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo