Ebre 11:23-31

Ebre 11:23-31 HAT98

Se konfyans papa ak manman Moyiz te gen nan Bondye ki fè yo te sere li pandan twa mwa apre li fèt. Yo te wè jan li te yon bèl ti gason. Yo pa te pè dezobeyi lòd wa a te bay la. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz, lè li vin gran, li te derefize yo rele li pitit gason pitit fi farawon a. Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l nan betiz pase si l te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz te kouri kite Lejip san li pa te pè kòlè wa a. Li te fèm nan konviksyon li. Se tankou li te wè sa lòt moun pa te ka wè. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz te fete fèt Delivrans lan. Li te bay lòd voye san pou make pòt yo dekwa pou zanj Bondye a pa te touye okenn premyene nan gason ak nan bèt pèp Izrayèl la. Se konfyans nan Bondye ki fè moun Izrayèl yo te pase nan mitan lanmè Wouj tankou nan tè sèk. Men lè moun Lejip yo vin pou pase tou, lanmè a te anglouti yo tout. Se konfyans moun Izrayèl yo nan Bondye ki fè miray vil Jeriko te tonbe plat atè apre yo pèp la te pase sèt jou ap fè wonn lavil la. Se konfyans nan Bondye ki fè Rahab, fanm lavi lib la, pa te peri ansanm ak moun ki te dezobeyi Bondye yo. Paske li te byen akeyi espyon moun Izrayèl yo lakay li.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Ebre 11:23-31

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an