Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l te ka pale ak zansèt nou yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a. Pitit la sitèlman gen plis pouvwa pase zanj yo, Bondye ba l yon non ki pi konsekan pase pa yo a. Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. L'a yon pitit pou mwen.
Li Ebre 1
Koute Ebre 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 1:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo