Mwen moute sou fò a. Mwen kanpe sou tèt miray ranpa a. M'ap tann wè sa Senyè a pral di mwen, ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen fin plenyen ba li a. Men repons Senyè a ban mwen. Li di m' konsa: — Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave li byen grave sou wòch pou yo ka li li fasil. Ekri l paske se poko lè pou sa m pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l rive. Li gen pou l rive vre. Si li pran reta pou l rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a. Men mesaj la: Gade jan y'ap fè gwo kòlèt! Yo pa konn sa ki rele mache dwat! Men moun ki mache dwat yo ap viv nan konfyans yo genyen nan Bondye.
Li Abakik 2
Koute Abakik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Abakik 2:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo