Jenèz 9:1-13

Jenèz 9:1-13 HAT98

Bondye beni Noye ak pitit li yo. Li di yo: — Fè pitit, fè anpil anpil pitit peple latè. Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout. Kounyeya, nou gendwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje. Tansèlman, se pa pou n manje vyann ak tout san ladan l, paske san yon bèt se nanm li. Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. Tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont. Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun va touye li tou. Paske Bondye fè moun pòtre ak li. Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou. Bondye pale ankò ak Noye ansanm ak pitit li yo, li di yo: — Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo. M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tou sa ki sòti nan batiman an pou peple sou latè ankò. Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè. Bondye di ankò: — Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li. M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.