Jenèz 6:5-22

Jenèz 6:5-22 HAT98

Senyè a wè jan lèzòm t'ap vin pi mechan chak jou toupatou sou latè, kijan tout lasentjounen se move lide ase ki nan tèt yo. Kè Senyè a vin tris anpil anpil. Sa te fè li regrèt deske li te fè moun. Senyè a di: — Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tou tout bèt kat pat, tout bèt k'ap mache sou vant ak tout zwazo. Paske mwen regrèt anpil deske mwen te fè yo. Men, Noye te fè Bondye plezi. Men pitit pitit Noye yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noye te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pat nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye. Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. Bondye gade latè, li wè l te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti. Lè sa a, Bondye di Noye konsa: — Mwen deside pou m fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè. Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen. W'a fè anpil ti chanm ladan l. W'a badijonnen l byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon. Men ki jan pou ou fè l: Batiman an va gen katsansenkant (450) pye longè, swasannkenz pye lajè, ak karannsenk pye wòtè. W'a mete yon twati sou batiman an. W'a kite yon espas dizwit pous ant twati a ak rebò a. W'a louvri yon sèl pòt sou kote batiman an. W'a mete yon etaj anba, yon etaj nan mitan, yon etaj anwo. Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tou sa k'ap viv anba syèl la. Tou sa ki sou latè pral peri. Men, m'ap fè yon kontra avè ou. W'a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo. W'a pran avèk ou tou yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. W'a fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri. Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri. Ou menm bò pa ou, ranmase tout kalite manje, mezi ou kapab. Fè yon bèl pwovizyon mete la pou ou ka jwenn manje pou ou manje ansanm ak tout bèt yo tou. Se konsa Noye fè tou sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an