Men Jozèf pat kontan lè li wè papa l te mete men dwat li sou tèt Efrayim. Li kenbe men papa l pou l wete l sou tèt Efrayim pou l mete l pito sou tèt Manase. Epi li di papa l: — Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li. Men, papa a derefize. Li di l: — Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tou ap vin yon pèp. Li menm tou l'ap grannèg. Men, ti frè l la pral pi grannèg pase l. Pitit li yo pral vin anpil nasyon. Jou sa a, li beni yo, li di: — Nan peyi pitit pitit Izrayèl yo, lè y'ap bay benediksyon, y'a nonmen non nou. Y'a mande pou Bondye beni yon moun menm jan li te beni Efrayim ak Manase. Se konsa li te mete Efrayim anvan Manase.
Li Jenèz 48
Koute Jenèz 48
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 48:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo