Jenèz 47:1-12

Jenèz 47:1-12 HAT98

Apre sa, Jozèf al avèti farawon an li di l: — Men papa m ak frè m yo rive sòti nan peyi Kanaran, yo vini ak mouton yo, bèf yo ak tou sa yo genyen. Kounyeya menm yo Gochenn. Jozèf te pran senk nan frè l yo avèk li, li prèzante yo bay farawon an. Farawon an di yo konsa: — Ki metye nou? Yo reponn li: — Metye nou se gade bèt tankou zansèt nou yo. Apre sa, yo di farawon an: — Nou vin pou nou ka rete nan peyi a, paske pa gen manje ankò nan peyi nou pou bèt yo manje. Lèfini, grangou a rèd anpil nan peyi Kanaran. Tanpri, ban nou pèmisyon pou nou rete nan peyi Gochenn lan. Farawon an di Jozèf: — Men papa ou ak frè ou yo vin jwenn ou isit la. Tout peyi Lejip la la devan ou. Chwazi pi bon tè nan peyi a, ba yo l pou rete. Yo mèt rete sou tè Gochenn lan. Epi, si ou konnen gen nan mitan yo moun ki kapab pran swen bèt pa m yo, ou mèt ba yo bèt mwen yo gade. Apre sa, Jozèf fè papa l vini, li prezante l bay farawon an. Lè Jakòb fin di farawon an bonjou, farawon an mande l: — Ki laj ou? Jakòb reponn li: — Mwen gen santrantan depi m'ap moute desann sou latè. Men mwen poko prèt pou rive sou laj zansèt mwen yo te rive lè yo t'ap fè moute desann pa yo. Lavi mwen pase vit se vre. Men mwen pa manke bat mizè. Jakòb di farawon an orevwa, epi l ale. Jozèf fè papa l ak frè l yo rete nan peyi Lejip. Li ba yo tè bò lavil Ranmsès, jan farawon an te mande l la. Li ba yo yon bon tè nan peyi a. Jozèf te bay papa li, frè li yo ak tout fanmi li yo kantite pwovizyon yo te bezwen pou timoun yo te genyen.