Jenèz 46:1-27

Jenèz 46:1-27 HAT98

Izrayèl pati avèk tou sa li te genyen. L'al Bècheba, li touye bèt, li ofri yo bay Bondye Izarak, papa li. Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l: — Jakòb! Jakòb! Jakòb reponn: — Men mwen wi. Bondye di li: — Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a. M'ap desann avè ou nan peyi Lejip, m'ap fè pitit pitit ou yo tounen isit la ankò. Se Jozèf ki va fèmen je ou lè w'a mouri. Jakòb pati, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fè yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a. Yo pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo. Jakòb pran pitit gason l yo ak pitit fi l yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout. Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l yo. Premye gason an te rele Riben. Men non pitit Riben yo: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Men non pitit Simeyon yo: Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fè dènye sa a ak yon fanm peyi Kanaran. Men non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul. Men non pitit Isaka yo: Tola, Pouva, Jòb ak Chimwon. Men non pitit Zabilon yo: Serèd, Elon ak Jaleyèl. Se pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tou yo te rele Dina. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi. Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli. Men non pitit gason Asè yo: Jimna, Jichva, Jichvi epi Berya. Yo te gen yon sè ki te rele Serak. Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se pitit gason sa yo Zilpa te fè pou Jakòb. Zilpa sa a, se te sèvant Laban te bay Leya, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèz moun. Men non pitit gason Rachèl, madanm Jakòb: Jozèf ak Benjamen. Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li. Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad. Se pitit gason sa yo Rachèl te fè pou Jakòb. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou katòz moun. Men non pitit gason Dann lan: Ouchim. Men non pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè epi Chilèm. Se pitit gason sa yo Bila te fè pou Jakòb. Bila sa a, se te sèvant Laban te bay Rachèl, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèt moun. Antou sa te fè swasannsis moun, pitit ak pitit pitit ki te desann nan peyi Lejip ansanm ak Jakòb, san konte madanm pitit li yo. Avèk Jozèf ki te gentan fè de pitit nan peyi Lejip, sa te fè antou swasanndis moun laras Jakòb ki te vin nan peyi Lejip.