Jozèf di frè l yo: — Pwoche vin pi pre m. Yo pwoche, li di yo: — Se mwen menm Jozèf wi, frè nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki ta pral peyi Lejip la. Men kounyeya, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen regrèt nou te vann mwen pou yo mennen m isit la. Se Bondye ki te voye m devan pou m te ka sove lavi nou. Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò. Bondye te voye m vini devan pou ras nou an pat fini nan peyi a, pou m te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri. Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la. Kounyeya, prese tounen kay papa m. Al di l: Men sa Jozèf, pitit gason l lan, voye di l: Bondye mete m chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize. Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m, ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tou sa ou genyen. Lè w'a Gochenn, m'a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankò.
Li Jenèz 45
Koute Jenèz 45
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 45:4-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo