Jenèz 43:15-28

Jenèz 43:15-28 HAT98

Se konsa mesye yo pran kado yo, de fwa valè lajan yo te bezwen ansanm ak Benjamen, yo leve, yo desann peyi Lejip kote yo parèt devan Jozèf. Lè Jozèf wè Benjamen ak yo, li rele chèf domestik li a, li di l: — Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bèt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avè m amidi a. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l fè a, li mennen mesye yo lakay li. Men, lè mesye yo wè yo t'ap mennen yo lakay Jozèf, yo te pè anpil. Yo t'ap di: — Se poutèt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dènye fwa a kifè y'ap mennen nou bò isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y'ap fè nou tounen esklav. Lèfini y'ap pran bourik nou yo. Se konsa, antan yo rive nan papòt kay la, yo pwoche bò chèf domestik la, yo di li: — Eskize nou wi, Mèt! Nou te vin isit la deja pou nou te achte. Lè n'ap tounen lakay nou, nou rive yon kote nou t'ap poze pou pase nwit, nou louvri sak nou yo, nou jwenn tout lajan an nan bouch sak yo, byen konte. Nou pote l tounen wi. Nou pote lòt lajan tou pou nou ka fè pwovizyon. Nou pa konn ki moun ki remete lajan an nan sak nou ankò. Domestik anchèf la di yo: — Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo. Chèf domestik la mennen mesye yo lakay Jozèf. Li ba yo dlo fè twalèt yo, li bay bèt yo manje. Mesye yo menm pare kado yo pou lè Jozèf va vin jwenn yo amidi, paske yo te vin konnen yo ta pral manje avè l. Lè Jozèf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tèt yo jouk atè devan li. Jozèf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: — Granmoun nou te pale m lan, papa nou an, ban m nouvèl li non? Li la toujou? Li byen? Yo reponn li: — Granmoun lan la wi, l'ap debat. Li byen mèsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan li.