Farawon an di Jozèf: — Gade tout bagay Bondye fè ou konnen! Pa gen pesonn ki gen plis lespri ak pi bon konprann pase ou. M'ap mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m'a pi gwo chèf pase ou. Apre sa, farawon an di Jozèf: — Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la. Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l nan dwèt Jozèf. Li abiye l ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l. Li fè li moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a, apre cha wa a. Li bay gaddonè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo rele byen fò: Bravo! Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la. Farawon an di Jozèf: — Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pèsonn pa gendwa fè anyen ni al okenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou. Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la. Jozèf te gen trantan lè li te konmanse sèvi farawon an, wa peyi Lejip la. Li pati, li vwayaje toupatou nan peyi Lejip la.
Li Jenèz 41
Koute Jenèz 41
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 41:39-46
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo