Jenèz 41:14-32

Jenèz 41:14-32 HAT98

Farawon an voye chache Jozèf. Yo fè l sòti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l, li chanje rad, epi li parèt devan farawon an. Farawon an di Jozèf konsa: — Mwen fè yon rèv, pèsonn pa ka di m sa l vle di. Men yo di m depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l. Jozèf reponn farawon an: — Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la. Farawon an di: — Mwen reve mwen te kanpe bò larivyè Nil la. Konsa, sèt bèl vach byen gra te moute sòti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a. Apre sa, sèt lòt vach tou mèg, tou lèd, tou chèch te moute sòti nan dlo a dèyè lòt yo. Mwen poko janm wè vye vach lèd konsa nan tout peyi Lejip la. Vye vach mèg yo manje bèl vach gra yo. Lè yo te fin vale yo, se tankou si yo pat janm manje. Yo te rete menm jan yo te ye anvan an. Epi je m vin klè. Apre sa, mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè sèt grap ble byen plen, byen mi ki t'ap pouse ansanm sou yon sèl pye ble a. Apre sa, sèt lòt grap parèt dèyè yo. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo. Grap mèg yo souse sèt bèl grap yo. Mwen rakonte rèv yo bay divinò yo, men yo yonn pat kapab esplike yo ban mwen. Jozèf di farawon an: — Tou de rèv yo vle di menm bagay la: Bondye fè ou konnen sa li pral fè. Sèt vach gra yo, se sèt lanne. Sèt bèl grap yo se sèt lanne tou. Yo vle di menm bagay. Sèt vach tou mèg, tou lèd ki vin apre lòt yo, se sèt lanne. Sèt grap ble boule yo, se sèt lanne tou. Sa vle di pral gen sèt lanne grangou. Se jan m sot di farawon an: Bondye vle fè ou konnen sa li pral fè. Pandan sèt lanne pral gen bèl rekòt nan tout peyi Lejip la. Apre sa, pral gen sèt lanne grangou. Lè sa a, moun pral bliye tout bèl rekòt yo te fè nan peyi a. Grangou pral fini nèt ak peyi a. Grangou ki pral tonbe sou peyi a pral rèd anpil. Moun p'ap wè tras rekòt ki te fèt nan peyi a. Si farawon an fè menm rèv la de fwa, sa vle di Bondye gentan fin fè plan l nèt. Se yon bagay Bondye pral fè talè konsa.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an