Jenèz 4:1-15

Jenèz 4:1-15 HAT98

Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l Kayen, epi li di: — Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason. Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè. Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Senye a. Abèl menm, bò pa l, pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l yo, li ofri bay Senyè a. Senyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare. Lè sa a, Senyè a di Kayen: — Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? Si sa ou fè a te byen, ou pa ta rive nan eta sa a. Men paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou, l'ap tann ou konsa. Se ou menm ki pou donte li. Yon jou, Kayen t'ap pale ak frè li Abèl, epi antan yo nan jaden an konsa, li vire li sèvi Abèl yon kou, li touye li frèt. Senyè a mande Kayen: — Kote frè ou Abèl? Kayen reponn: — Mwen pa konnen. Epitou, èske se mwen ki gadò li? Bondye di konsa: — Poukisa ou fè sa ou fè a? San Abèl, frè ou, ki koule a, l'ap rele. Vwa a rive jouk nan zòrèy mwen. Enben, tè ki te louvri pou bwè san frè ou ou fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou. Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa li ta dwe. W'ap tounen vakabon pyepoudre sou latè. Kayen di Senyè a: — Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l. Men ou mete m deyò sou tè sa a kounyeya, se kache pou m al kache pou ou pa wè m. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m. Senyè a di: — Non, si yon moun touye Kayen, sèt moun ap peye sa. Se konsa Bondye mete yon siy sou Kayen pou pyès moun pa touye li si yo kontre li.