Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l nan men yo. Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la. Mèt la tou vin konprann Senyè a avèk Jozèf, epi li fè li reyisi tout sa li antreprann. Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l reskonsab kay li, li renmèt li tou sa li te genyen. Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tou sa li te genyen bay Jozèf, Senyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Senyè a beni tou sa li te gen lakay li ak nan jaden l. Sa fè Potifa te lage tout zafè li nèt nan men Jozèf, esepte vant li. Jozèf te yon bèl gason byen kanpe.
Li Jenèz 39
Koute Jenèz 39
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 39:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo