Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l pi plis toujou. Li di yo: — Mesye, tande yon rèv mwen fè. Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tou dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m lan tankou moun y'ap salwe. Frè l yo di l: — Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a. Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l bay frè li yo. Li di yo: — Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalin lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen. Li rakonte rèv la bay papa l ansanm ak frè l yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l: — Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Kounyeya, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou?
Li Jenèz 37
Koute Jenèz 37
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 37:5-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo