Jenèz 37:2-11

Jenèz 37:2-11 HAT98

Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disetan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l yo. Li te konn rapòte bay papa l tout vye bagay yo t'ap fè. Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè li fè Jozèf. Li fè yon bèl varèz manch long ak bon twal siperyè pou li. Lè frè l yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l. Yo pat louvri bouch avè l san yo pa joure l. Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l pi plis toujou. Li di yo: — Mesye, tande yon rèv mwen fè. Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tou dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m lan tankou moun y'ap salwe. Frè l yo di l: — Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a. Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l bay frè li yo. Li di yo: — Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalin lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen. Li rakonte rèv la bay papa l ansanm ak frè l yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l: — Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Kounyeya, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou? Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an